Konsènan vote.gov

Misyon

Vote.gov, yon sous konfyan, se otorite nan zafè enfòmasyon pou konprann pwosesis vòt la. Paske enskripsyon elektè yo fèt onivo chak Eta, vote.gov oryante sitwayen Ameriken yo sou règleman enskripsyon pwòp Eta pa yo.

Anplis patenarya vote.gov genyen ak Komisyon Asistans Eleksyon Etazini (U.S. Election Assistance Commission - EAC), li kolabore tou aklè ak òganizasyon tyès pati ki pa patizan yo ansanm ak ofisyèl elektoral Eta a epi lokal yo.

Istorik

Yon ekip anplwaye USA.gov ak Presidential Innovation Fellows (ann Anglè) te devlope vote.gov kòm yon zouti fyab sou entènèt la kote votè ka enskri. vote.gov te fonde nan lane 2016 pou mete pouvwa enfòmasyon nan men piblik la sou pwosesis vòt ki egzat, ajou, epi pratik.

Jodi a, ekip vote.gov kontinye amelyore sit entènèt la pou atenn objektif ki tabli nan Dekrè Egzekitif Prezidan Biden pou lane 2021 sou Pwomosyon pou Moun Gen Aksè Vote(ann Anglè). Objektif sa yo enkli amelyore kapasite pou jwenn aksè, tradui zouti votè yo nan lang kle yo, epi amelyore fonksyonalite rechèch sou sitwèb la.

Vinn enskri